Me Jean-Henry Céant, est né le 27 Septembre 1956 à Goureau, commune de la Croix-des-Missions, en Haïti. Père de 4 enfants, Notaire de profession, est actuellement, Candidat à la Présidence d’Haïti pour les élections de novembre 2010. Conseiller Général de l’Union Internationale du Notariat (UINL). Il compte plus de vingt (20) ans de vie professionnelle. A coté de son travail et ses loisirs, Jean-Henry Céant reste et demeure un Haïtien croyant encore dans le rêve de l’Haïtien moderne et ouvert.

Merci de votre visite

vendredi 10 septembre 2010

Diskou peyizan

Poukisa nou kwè yo banm lapawòl an premye nan dezyèm kongrè lakayè?

Paske mwen se peyizan, mwen vin pale pawòl peyizan, mwen se yon moun ki enpòtan, banm ban nou koze.
Se pa jodi Prezidan, depite, senatè, grannèg, granfanm ap mache pwomennen repete :
Peyi Dayiti se peyi esansyèlman agrikòl ki vle di nan peyi isit, se peyizan ki enpòtan paske se li ki fè agrikilti mache. Se peyizan ki lesansyèl, se peyizan ki nanm peyi a.
                               Pito se te vre !
Mezanmi, lavi peyizan an Ayiti, se lavi madoulè, se lavi toumant. Bondye wè ! Neg wè ! esklizyon kap devore zantray peyi a, se peyizan li frape pi fò.
Peyizan se moun, se nèg andeyò, kote l ap viv pa gen lopital, pa gen limyè, pa gen lekol, pa gen sekirite.
Si pat gen solèy ak lalin, gen lè maladi ak lougawou ta pote nou ale ak tout pitit, ak tout lafanmi.
Bourik travay, chwal galonnen, se sa pwovèb la di.
Men wi se verite. Depi travay wap fè a san valè, depi yo devalorize travay ou, metye ou, ou menm tou ou san valè.
Konsa twa ka moun k ap viv nan peyi a san valè.
Konsa Peyizan nan peyi isit pa gen dwa. Peyizan pa moun kita dwa li pou li, ta mande viv tankou moun!
Frè ak sè m yo, nou byen tande bèl fraz la : « Haïti est un pays essentiellement agricole » ! se vre, se vre tout  bon !
Se pou sa peyizan mache twa, kat kilomèt pou jwenn dlo pwòp pou li bwè.
Se pou sa li leve douvan jou pou sakle, plante, fè pwodiksyon pou moute chodyè, bay tout peyi a dekwa manje.
Angiz remèsiman, tout sa peyizan rekòlte se taks. Taks adwat, taks agoch, taks sous kote, taks nan mitan
Kanta sa yo rele lagistis lan, se pa pale !
Mande mesye lavoka ! Mande mesye le Kapitèn ! Mande mesye le jij ! Mande chèf seksyon, grozotobre !
Peyizan pa ladann !
Poutan, nou tout nan peyi Dayiti, nou tout ki la a devan m, an wetan kèk grenn, nou tout se pitit kouzen, matant, frè, sè, yon peyizan ou yon peyizann.
« Kanta engra, wi nou engra » !
Sèl Sali peyizan isit jodi a, se travèse frontyè, al koupe kann nan peyi panyòl ; se pran kanntè, pou chwe nan zile yo ou tonbe mayami.
Frè ak sè m yo, Peyizan se nanm peyi a. lè li ale, lè nou meprize l, sa ki rete ?
Mezanmi, lakou a vid.
Mezanmi, nou tout pèdi respè.
Jodi a, lè a sonnen pou nou ranmase, ankadre peyizan yo, pou nou mache kòt a kòt avèk yo.
Lè a rive. Nou dwe pran yon lòt chimen. Demokrasi pa ka fèt nan esklizyon.
Eske nou konnen sak yon peyizan, yon moun kap travay latè, kap pwodwi manje, reprezante nan lòt peyi, nan peyi ki devlope, e nan peyi ki vle mache sou wout devlopman.
Men repons lan. Nan peyi sa yo, leta bay pwoteksyon sosyal, li garanti kredi, li bay asirans, li pran mezi pou garanti dwa sitwayen sa yo.
Premye pa chanjman an se la li chita. Pwodiksyon, valorizasyon travay agrikòl ap louvri pòt pou touris, endistri, transpò…
Peyizan ka edikatè, hòm dafè, komèsan li ka aprann metye li vle.
Li lè  pou esklizyon fini isit !
Sa nèg la di l genyen poukisa peyizan paka genyen l
Chanje lavi peyizan, bay peyizan dwa ak respè, li merite, se sa kap fè lavi miyò an Ayiti, se sa kap poze baz pou yon demokrasi dirab, kote tout moun se moun, tout moun ka viv tankou moun !

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Entrevue Me. Jean Henry Céant

Le Comité Fanmi Lavalas des Haïtiens d'Outre-mer vous présente ses salutations chaleureuses au nom de notre mère patrie. Dans sa volonté ultime d'unir tous les haïtiens autour de la table de la concertation nationale et barrer la route à une éventuelle prolongation de la dictature du Président Préval en pleine gestation, le comité fait appel à votre conscience de classe et d’appartenance en vue de conserver les acquis démocratiques émanant des idéologies du 16 Décembre 1990. Nous vous invitons tous cordialement à profiter d’une rencontre du donner et du recevoir avec le candidat à la présidence, M. Jean Henry Céant autour du thème de sa campagne: « Tout Moun Ladan l) ». _____________________________

Nou vle pou peyi nou chanje