Map saliye tout otorite ki la a yo e map saliye tout responsab kolektif A.I.M.E.R. HAITI yo ki la jodia.
Sa fèm plezi anpil pou mwen la jodi a pou mwen fè ti koze saa avèk nou.
Mwen se Olivier Barrau yon antreprenè kap evoliye nan peyi a nan sektè asirans.
Mwen la jodi a paske mwen panse li enpotan pou nou tande yon vwa anplis ki pare pou li jwe patisipasyon pal nan yon mouvman tèt ansanm tout bon pou nou mete Ayiti sou ray lavi miyò pou tout pitit li yo.
Mwen la jodi a paske li lè, li tan, pou ke tout fòs viv nan peyi a mete tèt ansanm pou nou sòti peyi nou an, Ayiti, nan espiral la mizè a kap anpechel vanse pou pidevan nan diyite tankou tout lòt nasyon nan mond lan.
Mwen la jodia paske mwen panse ke biznis se politik e politik se biznis.
Granmoun lontan te toujou di jèn yo okipe zafè yo, pa antre nan zafè politik zòt pou nou pa sot anba.
Jodi a, nou wè resilta sa bay. Nou nan tchouboum.
Sak fè mwen di politik se biznis e biznis se politik ?
Mwen di sa paske mwen kwè byen fèm ke pou nou soti nan sèk lamizè a, aprè ledikasyon, se biznis ki pou ede nou soti ladann ; se biznis ki kreye la richès ;
yon mo tout politisyen te toujou fè nou pè.
Se pa resevwa èd peyi lòt bò dlo tout jounen kap kreye la richès nan peyi a.
Ed peyi lòt bò dlo a, nou bezwen li se vre men nou bezwen li pou nou stat motè devlopman sosyal ak ekonomik la, men nou paka rete ladan l tou tan.
Si nou rete ladann sèlman, nou pap janm sòti nan sèk lamizè a, lap ede nou jere mizè a men li pap fè nou soti ladann.
Se biznis ki ka kreye la richès nan bay plis moun travay, nan bay leta plis taks kap bal kòb li bezwen an pou li bay tout popilasyon an sèvis li dwe li tankou
lasante, ledikasyon, ak la jistis.
Fòk nou di tou ke jan biznis te konn ap fèt nan peyi a pat bon tou paske pi fò popilasyon pat pwofite de li tou.
Gen anpil Biznisman ki pa jwe ròl yo, ni patisipasyon pa yo, nan devlopman ekonomik ak sosyal peyi a.
E byen mwen la jodi a poum di nou ke gen yon nouvo jenerasyon antreprenè nan peyi a ki wè bagay yo yon lòt jan e kap reflechi avèk nou pou jwenn solisyon ak pwoblèm yo.
Mwen la poum di nou ke tout antreprenè ak biznisman ki nan peyi a pa menm.
Gen yen ladan yo ki menm si li investi lajen li poul ka fè plis kob, li nomal paske nou tout bezwen kob, men li pa la pou li pran tout pou li.
Li la pou li pèmèt tout moun nan kominote a fè pati pal la tou.
Li lè, li tan, pou nou genyen yon leta ki pandan lap pran responsabilitel, li ankadre entreprenè ki sosyalman responsab, ki vle di, ke antreprenè sa a kap grandi a li pa grandi pou kò li.
Li fèt pou li peye anplwayel byen, ankadre yo, li fèt pou li peye taks li, pwoteje environmen l.
Fòk kòz kominote a tounen kòz pal.
Se konsa nou tout ap kapab viv ak tout diyite nou nan peyi a.
Mwen rete kwè ke travay di ap ede nou vanse nan developman tout pitit peyi a e si nou gen plis richès nap jwenn libète ak diyite nou.
An nou kore tout mouvman ki ka pèmèt nou viv nan yon peyi kote tout moun se moun e tout moun viv tankou moun.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire