Bonjou tout moun,
Mwen koube byen ba pou mwen salye nou tout sou plas la.
Jodi a se yon gwo jou pou nou mèm jèn nan komin Akayè. Jodi a se yon gwo jou pou jèn nan tout peyi a. Isit la sou plas Akayè, mwen mènm, yon jèn gason ki viv nan vil Akayè, mwen jwenn okazyon pou m pale avèk tout kantite moun sa yo sou pwoblèm la jenès nan peyi Dayiti. Pou okazyon sa a mwen remèsye Oganizasyon ki rele AIMER HAITI a.

Jodi a sou Plas Lakayè sa a, mwen ta vle di dezoutwa verite sou jèn yo. Verite sa yo ka pa fè tout moun plezi, men, eskize m davans, si pou nou gen yon chans pou bagay yo chanje, fòk nou ka tande verite a, nan respè yonn pou lòt, men san m pa fè paspouki.
Mezanmi, nan tèt anpil moun depi yo di jèn sa vle di yon jèn se yon moun ki gen tan pou li pran plezi li, se yon moun ki kontan lavi kap tann li pi devan. Mwen pa konn si yon jou nan peyi Dayiti oubyen nan kèk lòt peyi sa te vre. Isit la, jodi a, se pa vre. Yon jèn gason, yon jèn fi se yon moun ki pa wè ni devan ni dèyè l e menm, li pa wè aveni l nan peyi sa a. Se yon moun kap sibi enjistis tout sosyete a ap sibi. Se yon moun ki pa ka jwenn bon lekòl pou l ale. Epi, menm lè li ta jwenn bon lekòl pou l ale, apre lekòl la fòk li degaje li pou li wè nan de twa plas ki genyen nan kèk lekòl pwofesyonèl yo ki kote yo ka aksepte pran l ou byen si lap jwenn lajan pou li peye nan lekòl sa a. Sa se pou sa ki gen chans rive nan bout lekòl pèpè leta kite fonksyone nan peyi a : Lekòl kote pwofesè pa vini, lekòl kote pa gen liv, lekòl kote pa gen laboratwa, lekòl kote yo pa montre anyen ki adapte ak peyi a. Yon lekòl ki pa menm montre w sa pou fè lè goudou goudou rive osnon dlo desann nan zòn lakay ou.

Gen de jou, mwen gade mwen menm jèn gason, epi mwen mande tèt mwen, eske yon moun fèt pou fè pitit nan peyi sa a ? Gen de lè mwen mande tèt mwen eske se yon malediksyon ki fè nou fèt nan peyi sa a, nan epòk sa a, nan sitiyasyon sa a, nan kondisyon sa ? Mwen tande sak pi gran pase m yo di te gen yon epòk kote peyi a te bèl, kote bagay yo tap mache. Eske se te menm vre ? Si sa te bèl konsa, ki lè sa chanje ? Ki sa ki fè nou vini chanpyon nan move sitiyasyon, nan move ekzanp ? Si sa te bèl konsa, ki lè divizyon vin blayi kò l nan sosyete a ? Nou ka vle blye sa, men mete nan tèt nou pa gen anpil jèn gason ak jèn fanm ki pa reve janbe lòtbò frontyè oubyen lòtbò dlo pou chache lavi miyò.
Nou menm Ene nou yo, nou menm ki pi gran pase jèn parey mwen, avèk anpil respè map pose nou kèk kestyon : Eske peyi sa a nap remèt jèn yo nan kèk ane, eske peyi sa a li jan papa nou, gran pè nou, manman nou, grann nou te remèt li ba nou ? Eske tout tè a te fin al nan lanmè ? Eske fatra te fè pil sou pil, lè nou te gen laj mwen menm ak tout jèn jèn parey mwen yo jodi a ? Ba nou yon repons tanpri.
Nou menm Ene yo, nou tout pi gran pase jèn parey mwen yo, eske nou reyalize doktè, enfimyè ki pral okipe nou lè nou fin granmoun se nan jenès aktyèl la lap soti ? Eske nou realize nan kèk lane se nan men jenès sa a tout peyi ap ye ? Sa nou fè pou prepare jou sa a ? Ki sa nou fè pou lè nou rele osekou nou gen moun pou reponn nou ?
Jodi a fòk nou tout realize, se nan tèt ansanm, nan respè youn pou lòt pou pwoblèm yo poze. Jodi a fòk nou realize, se pou nou depanse anpil pou jèn sa jwenn ESPÒ, bon lekòl, bon fòmasyon, POU YO SISPANN PRAN DRÒG, POU YO SISPANN FÈ SAK PA SA. Fòk nou realize se pa favè nap fè jèn yo, lè nou kreye travay pou yo, lè nou bayo okazyon pou yo fè estaj ak sèvis sosyal, lè sa a yo pap bezwen parenn oubyen marenn pou yo jwenn travay.
Jodi a fòk nou realize jèn yo se MOUN TOU, yo fèt pou viv tankou moun. Noun menm jèn gason, ak jèn fi vanyan, an nou mache nan chak depatman pou nou wè kijan bagay yo ye,an avan pou yon lòt AYITI. Yon Ayiti kote NOU TOUT LADANN.

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire