Me Jean-Henry Céant, est né le 27 Septembre 1956 à Goureau, commune de la Croix-des-Missions, en Haïti. Père de 4 enfants, Notaire de profession, est actuellement, Candidat à la Présidence d’Haïti pour les élections de novembre 2010. Conseiller Général de l’Union Internationale du Notariat (UINL). Il compte plus de vingt (20) ans de vie professionnelle. A coté de son travail et ses loisirs, Jean-Henry Céant reste et demeure un Haïtien croyant encore dans le rêve de l’Haïtien moderne et ouvert.

Merci de votre visite

vendredi 10 septembre 2010

Diskou fanm

Medam, Mesye Bonjou,
Moun Lakaye bonjou,
Map di AIMER HAITI Mesi pou envitasyon pou mwen ka pale devan nou.
Peyi Dayiti jodi a se yon peyi kote tout moun ap soufri. Men kote soufrans la pi rèd se lakay fanm. Fanm pa gen dwa.
Si yon fanm gen pwoblèm ak yon moun, li pa gen rezon devan lajistis. 
Fanm pa gen lopital pou akouche. Fanm pa jwenn kredi pou yo fè komès ; fanm pa jwenn bon jan lekòl pwofesyonèl pou yo ka travay.

Fanm subi vyolans, anpil vyolans nan sosyete a. Yo bat yo ; yo fè yo abi ; yo fè yo menas. 

Pou fanm yo vyole yo, yo pa gen dwa a la pawòl. Pa gen jistis pou yo, pa gen swen pou yo, pa gen dedomajman pou yo.
Nan sosyete sa a kote tout moun pa moun , se fanm yo plis pa respekte. 
MWEN MENN FANM, MWEN KA TEMWAYE POU NOU.
Fanm se poto mitan nan tout aktivite nan peyi
Nan agrikilti, se nou 
Komès enfòmel se nou, 
Pote al van nan mache, se nou 
Manje kap kwit se nou 
Lave rad se nou
Fanm, nou wè fòs nou ?  Eske nou vle rete san dwa ?
Fanm nou wè fòs nou ?  eske nou vle sa ret menm jan ? Oubyen ESKE  NOU VLE POU SA CHANJE ?  ESKE NOU VLE POU SA CHANJE ?
Jodi a an 2010 nou deside nap pran desten nou nan men nou; Nap pran desten peyi a nan men nou !
Fanm nou dwe konnen nou gen dwa: Dwa pou nou jwenn lojeman, dwa pou pitit nou al lekòl; dwa pou nan kèk ane sitiyasyon pitit nou pi bon pase pa nou.
Nou goumen pou endepandans,nou koud drapo, nou bay pitit nou, sa pa anpeche  yo mete nou deyò NOU PA LADANN.
Jodi a nou deside mennen peyi a nan yon lòt direksyon. Apre destruksyon douz janvye yo. Wòl fanm vin pi gran nan peyi DAYITI. Se yo ki rele, se yo ki reponn. Fanm nou di jodi a, fòk tout moun fè sakrifis pou peyi a vanse. Nan tout sektè gen pi gwo efò ki pou fèt, gen pi gwo sakrifis ki pou fèt. Nap fè l, men fò gason fè l avè nou. Fanm lavil, fan nan mòn; fanm ki ret nan  kay, fanm kap travay, tout fanm fèt pou met tèt ansanm pou sa chanje. 

Jodi nou di non fò peyi a chanje. Peyi a pap chanje si se pa avèk fanm. Senkannde pou san popilasyon an se fanm.  Nou se yon majorite. Men konbyen nan nou yo jwenn nan paleman ? Konbyen nan nou yo jwenn nan gouvènman an. 

Jodi a, Jodi a, Fanm yo revandike dwa yo, tout dwa yo; Dwa politik yo LADANN. 
Jodi a Fanm pap mande pèmisyon pou yo manb òganisasyon fanm ou byen pou yo kreye òganizasyon fanm. Jodi a fanm pap resevwa lòd san yo pa konprann sa sa vle di. 

Nou vle yo tande vwa nou tout kote ki gen desizyon kap pran pou aveni peyi a. Nan eleksyon kap fèt, fòk gen o mwen 30% fanm nan pale man,oswa  nan gouvènman. 

Pouki sa, paske fanm ka pale pou fanm. 

Nou pa nan lagè ak gason. Tankou zansèt nou yo te fè l, si pou Ayiti chanje fòk se ak tout moun, nan tèt ansanm. Fanm ak gason kòt à kòt. 

Jodi a nan Dezyèm kongrè kap louvri nan vil Lakaye a, tou sa kap di se zafè pa nou, se zafè tout fanm. Nou mande tout fan di avè nou : 

TOUT MOUN SE MOUN, TOUT MOUN FÈT POU VIV TANKOU MOUN.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Entrevue Me. Jean Henry Céant

Le Comité Fanmi Lavalas des Haïtiens d'Outre-mer vous présente ses salutations chaleureuses au nom de notre mère patrie. Dans sa volonté ultime d'unir tous les haïtiens autour de la table de la concertation nationale et barrer la route à une éventuelle prolongation de la dictature du Président Préval en pleine gestation, le comité fait appel à votre conscience de classe et d’appartenance en vue de conserver les acquis démocratiques émanant des idéologies du 16 Décembre 1990. Nous vous invitons tous cordialement à profiter d’une rencontre du donner et du recevoir avec le candidat à la présidence, M. Jean Henry Céant autour du thème de sa campagne: « Tout Moun Ladan l) ». _____________________________

Nou vle pou peyi nou chanje